Skip to main content

Title VI Notice to the Public

Inivèsite Maryland lan bay avi piblik sou règleman li pou respekte epi asire konfòmite total avèk egzijans anti-diskriminasyon Tit IV Lwa sou Dwa Sivil 1964 la ak otorite anti-diskriminasyon ki gen rapò. Tit VI ak otorite anti-diskriminasyon ki gen rapò yo stipile ke okenn moun Ozetazini pa dwe eskli nan patisipasyon, refize benefis, oswa sibi diskriminasyon anba okenn pwogram oswa aktivite k ap resevwa asistans finansyè federal, poutèt ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, laj, andikap, nivo revni oswa konpetans limite nan lang angle.

Nenpòt moun ki vle plis enfòmasyon konsènan Pwogram Tit VI Inivèsite Maryland lan ka kontakte Kowòdinatè Pwogram Tit VI li a nan adrès sa a:

Dennis J Paffrath, MBA
Title VI Program Coordinator
Division of Research
University of Maryland
2133 Lee Building
College Park, MD 20742
Email: dpaffrat@umd.edu

Nenpòt moun ki kwè yo te sibi diskriminasyon, endividyèlman oubyen kòm manm nenpòt klas moun espesifik, akoz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, laj, andikap, nivo revni, oubyen konpetans limite nan lang angle a gen dwa depoze yon plent fòmèl. Tout plent sa yo dwe soumèt nan lespas 180 jou apre dat swadizan ensidan an te rive. Ou ka rapòte plent yo lè w klike sou sa ki annapre yo:

“Report Discrimination Online”. https://ocrsm.umd.edu/file-report